Sòm Yo 28 - Haitian Bible

Yon sòm David

1A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele!

Wòch mwen an, pa vin soud devan m,

paske si Ou Sòm 83:1rete silan devan mwen,

mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.

2Tande Sòm 140:6vwa a siplikasyon mwen yo

lè m kriye a Ou menm pou sekou,

lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an.

3 Sòm 26:9 Pa rale m sòti avèk mechan yo,

avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo,

pandan mechanste nan kè yo.

4Rekonpanse yo Rev 18:6selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo.

Rekonpanse yo selon zèv men yo.

Remèt yo tout rekonpans pa yo.

5Akoz yo És 5:12pa okipe zèv a SENYÈ yo,

ni travay men Li yo.

Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte.

6Beni se SENYÈ a,

akoz Li Sòm 28:2te tande vwa a siplikasyon mwen yo.

7SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

Kè m Sòm 13:5mete konfyans nan Li, e mwen

jwenn sekou.

Pou sa, kè m leve wo nèt.

Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

8SENYÈ a se Sòm 20:6fòs yo.

Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.

9 Sòm 80:1 Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a.

Devni bèje yo tou,

e bay yo soutyen jis pou tout tan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help