Sòm Yo 27 - Haitian Bible

Yon sòm David

1SENYÈ a se limyè mwen e És 33:2sali mwen.

Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se

defans lavi mwen.

Se kilès k ap fè m gen laperèz?

2Lè malfektè yo te rive sou mwen

pou yo ta devore chè m,

advèsè mwen yo ak lènmi m yo

te Sòm 9:3chape tonbe.

3Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.

Malgre lagè leve kont mwen,

malgre sa, m ap gen Job 4:6konfyans.

4Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;

se li mwen va chache:

pou m ta kab rete lakay SENYÈ a

tout jou lavi m yo,

pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e

reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.

5Paske nan jou twoub la,

Li va Sòm 31:20 kache mwen nan tabènak Li.

Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,

se la Li va fè m kache.

Li va leve mwen sou yon wòch.

6Epi koulye a, Sòm 3:3tèt mwen va vin leve wo

sou lènmi m ki antoure m yo.

Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa.

Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.

7 Sòm 4:3 Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m.

Fè m gras e reponn mwen.

8Lè Ou te di m: Sòm 105:4“Chache wè figi Mwen”,

kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ,

se li mwen va chache.”

9Pa kache figi Ou de mwen.

Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou.

Se Ou ki konn sekou mwen.

Pa abandone mwen, ni Sòm 37:28 kite m sèl,

O Bondye delivrans mwen an.

10Paske papa m ak manman m te abandone mwen,

Men És 40:11 SENYÈ a va ranmase mwen.

11 Sòm 25:4 Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ.

Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.

12Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo,

paske Mat 26:60fo temwen yo vin leve kont mwen,

sila k ap respire vyolans yo.

13Mwen toujou gen konfyans sa a:

ke m va wè Sòm 31:19bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.

14Tann SENYÈ a.

Sòm 31:24 Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.

Wi, tann SENYÈ a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help