Sòm Yo 26 - Haitian Bible

Yon sòm David

1Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen.

Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.

2Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv.

Sòm 7:9 Sonde panse mwen avèk kè m.

3Paske lanmou dous Ou a devan zye m.

Mwen II Wa 20:3te mache nan verite Ou.

4Mwen pa Sòm 1:1chita avèk mesye k ap twonpe moun yo.

Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.

5Mwen rayi asanble malfektè yo, e

mwen pa chita avèk mechan yo.

6Mwen va lave men m nan inosans, e

mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,

7pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a,

e deklare tout mèvèy Ou yo.

8O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou,

avèk kote ke Sòm 24:7glwa Ou rete a.

9Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo,

ni lavi m avèk Sòm 139:19mesye ki vèse san yo,

10nan men a sila ki gen manèv mechan yo,

ki nan mechanste pote Sòm 15:5kado vèse anba tab yo.

11Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen.

Sòm 44:26 Delivre mwen e fè m gras.

12Pye m kanpe sou yon plas byen plat.

Nan Sòm 22:22asanble a, mwen va beni SENYÈ a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help