Sòm Yo 25 - Haitian Bible

Yon sòm David

1A Ou menm, O SENYÈ, mwen II Sam 5:10leve nanm mwen.

2O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.

Pa kite mwen vin wont;

pa kite Sòm 13:4lènmi m yo fè fèt sou mwen.

3Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;

sila ki Hab 1:13fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.

4 Egz 33:13 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;

enstwi m nan chemen Ou yo.

5Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,

Paske se Ou menm ki Sòm 79:9Bondye delivrans mwen;

se Ou m ap tann tout lajounen.

6Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,

Paske se yo ki la Sòm 103:17depi tan ale nèt.

7Pa sonje Job 13:26peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.

Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,

Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.

8Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;

pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.

9Li Sòm 23:3dirije enb yo nan jistis, e

Li va enstwi enb yo nan chemen Li.

10Tout chemen Bondye se nan

lanmou dous avèk verite

pou Sòm 103:18sila ki kenbe akò Li yo ak

temwayaj Li yo.

11Pou koz a non Ou, O SENYÈ,

Egz 34:9 padone inikite mwen, paske li anpil.

12Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?

Li va Sòm 25:8 enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.

13Nanm li va viv alèz.

Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.

14 Pwov 3:32 Lamitye SENYÈ a se pou sila ki

gen lakrent Li yo.

Li va fè yo konnen akò Li.

15Zye m toujou vè SENYÈ a,

paske Li va Sòm 124:7 retire pye mwen nan pèlen an.

16 Sòm 69:16 Vire vè mwen e fè m gras,

paske mwen abandone e aflije.

17Twoub a kè m yo vin plis.

Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.

18Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,

e Sòm 103:3padone tout peche mwen yo.

19Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.

Epi yo Sòm 9:13rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.

20Gade nanm mwen e delivre mwen.

Pa kite m Sòm 25:2vin wont, paske mwen

pran refij nan Ou menm.

21Kite Sòm 41:12entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,

paske se Ou m ap tann.

22Delivre Israël, O Bondye, sou

tout twoub li yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help