Sòm Yo 33 - Haitian Bible

1Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!

Lwanj Sòm 92:1bèl lè l sòti nan moun ki dwat.

2 Sòm 71:22 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.

Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.

3Chante a Li menm yon chan tounèf.

Jwe ak kapasite e fò avèk yon Sòm 98:4gwo kri lajwa.

4Paske pawòl SENYÈ a dwat.

Tout zèv Li yo fèt Sòm 119:90 avèk fidelite.

5Li Sòm 11:7renmen ladwati avèk jistis.

Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.

6Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:

pa souf a bouch Li, Jen 2:1tout lame syèl yo.

7Li ranmase tout Egz 15:8dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.

Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.

8Kite Sòm 67:7tout latè krent SENYÈ a.

Kite tout sila ki rete nan mond lan

kanpe etone nèt pa Li menm.

9Paske Jen 1:3Li te pale e mond lan te fèt.

Li te kòmande e li te kanpe fèm.

10SENYÈ a Sòm 2:1-3ranvèse konsèy a nasyon yo.

Li anile pwojè a pèp yo.

11 Job 23:12 Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,

e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.

12Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,

13pèp ke Li te Egz 19:5 chwazi pou pwòp eritaj Li a.

SENYÈ a Job 28:24gade depi nan syèl la.

Li wè tout fis a lòm yo.

14Soti nan I Wa 8:39-43abitasyon Li an,

Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.

15Li menm ki Job 10:8fòme kè a yo tout,

Li menm ki konprann tout zèv yo.

16 Sòm 44:6 Wa a pa sove pa yon lame pwisan.

Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.

17Yon cheval se yon Sòm 20:7fo espwa pou viktwa a,

ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.

18Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,

sou sila ki Sòm 32:10mete espwa yo nan lanmou dous Li a,

19pou Sòm 56:13delivre nanm pa yo devan lanmò,

e kenbe yo vivan nan gwo grangou.

20Nanm nou És 8:17ap tann SENYÈ a.

Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.

21Paske Za 10:7kè nou rejwi nan Li, akoz

nou mete konfyans nou nan sen non Li.

22Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,

selon esperans ke nou te mete nan Ou a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help