Job 16 - Haitian Bible

1Epi Job te reponn:

2Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo;

Job 13:4 move konsolatè nou tout ye.

3Èske pa gen limit sou Job 6:26pawòl kap pouse van a?

Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?

4Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou.

Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou

e So 2:15souke tèt mwen sou ou.

5Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen,

e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.

6Mem si mwen pale sa pa redwi Job 9:27-28doulè m;

si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?

7Men koulye a, Li Job 7:3fin fatige m nèt;

Ou, Bondye, te Job 19:13-15gate tout zanmi m yo.

8Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen.

Epi Job 19:20jan mwen vin mèg, leve kont mwen.

Li fè temwayaj devan figi mwen.

9Kòlè Li fin Os 6:1chire mwen e chase m jis atè,

Li te modi blese m ak dan L.

Job 13:24 Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.

10Yo te gade m, Sòm 22:14bouch yo louvri.

Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz;

yo te oganize yo menm kont mwen.

11Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo,

e te jete mwen nan men a mechan yo.

12Mwen te alèz, men Li te Job 9:17brize mwen,

Li te sezi mwen nan kou

e te souke mwen jiskaske m fè mòso;

anplis li te fè m objè tiraj.

13 Job 6:4 Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt.

Li vide Job 20:25fyèl mwen atè.

14Li kase antre brèch pa brèch;

Li kouri sou mwen kon yon jeyan.

15Mwen te koud twal sak sou kò m

epi pouse kòn mwen antre nan pousyè.

16Figi mwen vin wouj akoz Job 16:20kri mwen yo

e pòpyè zye m vin fonse nwa,

17Malgre nanpwen vyolans nan men m,

e priyè mwen yo san tach.

18O latè a, pa kouvri san kò mwen.

Pa bay plas pou kriyè m yo pran repo.

19Menm koulye a, gade byen,

Wo 1:9 temwen m se nan syèl la.

Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.

20Se zanmi mwen yo k ap moke m.

Job 17:7 Zye m kriye a Bondye.

21O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye,

kon yon moun plede ak vwazen li!

22Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale

nan chemen ki pap retounen an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help