Job 15 - Haitian Bible

1Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:

2Èske yon nonm saj ta dwe bay repons

ak konesans ki sòti nan van,

Job 6:26 e ki plen tèt li avèk van lès?

3Èske li ta diskite ak pale initil,

oswa ak pawòl ki pa gen valè?

4Anverite, ou manke respè Bondye

e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.

5Paske se Job 22:5koupabilite ou ki enstwi bouch ou,

e ou chwazi langaj a rizye yo.

6 Job 18:7 Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen;

epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.

7“Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a,

oswa Job 38:4-21èske ou te fèt avan tout kolin yo?

8Èske ou konn tande Wo 11:34konsèy sekrè a Bondye yo,

oswa èske tout sajès se pou ou sèl?

9 Job 12:3 Kisa ou konnen ke nou pa konnen?

Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?

10Genyen ni granmoun ak moun Job 12:12cheve blanch pami nou,

ki pi gran pase papa ou.

11Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou,

menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?

12Poukisa aJob 11:13kè ou pote ou rive lwen konsa?

Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?

13Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e

kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?

14Kisa lòm nan ye pou Ekl 7:20li ta kab san tach,

oswa Job 25:4 sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?

15Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan Job 5:1sen Li yo

e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;

16konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi;

lòm ki Job 34:7bwè inikite kon dlo a!

17“M ap di ou, koute m byen;

sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li;

18 Job 8:8 sa ke moun saj konn pale

e ki pa t kache sòti de papa pa yo,

19A sila yo menm sèl ke tè a te donnen,

e pa t gen etranje ki te pase pami yo.

20Moun mechan an vire tounen Job 15:24nan pwòp doulè li tout tan,

e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.

21Bri laperèz sone nan zòrèy li.

Job 20:21 Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.

22Li pa gen espwa Job 15:30sòti nan tenèb la.

Desten li se Job 19:29 nepe.

23Li mache egare pou chache manje epi di:

‘Kote li ye?’

Konsa, li konnen ke Job 15:22-30jou tenèb la gen tan rive.

24Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz.

Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.

25Paske li fin lonje men l kont Bondye

e aji ak Job 36:9awogans kont Toupwisan an.

26Li kouri kou rèd sou li tèt avan

avèk gwo boukliye li.

27Paske li fin Sòm 73:7kouvri figi li ak grès li,

e fè kwis li vin lou ak chè.

28Li te Job 3:14viv nan vil dezole yo,

nan kay kote pèsòn pa ta rete yo,

ki fèt pou vin dekonble nèt.

29Li Job 27:16-17p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire;

tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.

30Li p ap Job 5:14chape nan tenèb la.

Flanm nan va seche tout boujon li yo.

Kon Job 4:9souf bouch li, lap wale nèt.

31Pa kite li Job 35:13mete konfyans nan gwo vid la.

Sa a ta yon desepsyon;

paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.

32Sa va vin rive Job 22:16avan lè li.

Branch palmis li p ap vèt.

33Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a,

e va Job 14:2jete flè li kon pye oliv la.

34Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril,

epi se dife kap brile tant anba pwès yo.

35Yo Sòm 7:14 plante mal la, e yo rekòlte inikite;

epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help