Job 17 - Haitian Bible

1“Lespri m fin kase.

Jou m yo etenn;

tonbo a pare pou mwen.

2 Job 12:4 Anverite mokè yo avè m,

e zye m fikse sou pwovokasyon yo.

3“Depoze la koulye a, yon sekirite.

Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm.

Se kilès ki kab antann avè m?

4Paske Ou te Job 12:20anpeche kè yo konprann;

pou sa, ou pa p egzalte yo.

5Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la,

menm zye pitit li yo va vin gate.

6“Men Li te fè m vin tounen yon Job 17:2vye pwovèb pou pèp la.

Konsa, yo vin Job 30:10krache sou figi m.

7Anplis, zye m vin Job 16:16pa wè klè akoz doulè m,

e tout nanm mwen tankou lonbraj.

8Moun ladwati va byen twouble ak sa,

e Job 22:19linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.

9Malgre, Pwov 4:18moun dwat la va kenbe chemen li

e Job 22:30sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.

10Men nou tout, retounen;

malgre mwen Job 12:12pa twouve yon nonm saj pami nou.

11 Job 7:6 Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt,

menm dezi a kè mwen yo.

12Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen.

Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.

13Si mwen chache Job 3:13Sejou mò yo kon lakay mwen,

si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;

14Si mwen kriye a fòs tonbo a:

‘Se ou ki papa m’; epi a Job 21:26vè a:

“Ou se manman m ak sè m’;

15Alò, koulye a, se kibò Job 7:6espwa mwen ye?

Epi se kilès k ap okipe espwa m?

16Èske espwa m va desann avèk mwen

nan Sejou Lanmò yo?

Èske se ansanm n ap Job 3:17desann nan pousyè a?”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help