1Job te reponn:
2Anverite, konsa, Job 17:10se nou menm ki se pèp la.
Se ak nou menm tout sajès ap mouri!
3Men Job 13:2mwen gen lespri menm tankou ou;
mwen pa pi ba pase ou.
Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?
4Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo,
sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an.
Nonm nan ki dwat e Job 6:29san tò a vin yon blag.
5Sila ki alèz la ri sou malè a;
men l ap tan pye l chape.
6 Job 9:24 Tant volè a fè pwofi,
e sila ki pwovoke Bondye byen alez.
Se nan men yo pote dye pa yo.
7“Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;
ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
8Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.
Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
9Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen
ke se És 41:20men SENYÈ a ki fè sa?
10 Trav 17:28 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,
ansanm ak Job 27:3souf tout limanite a.
11Èske Job 34:3zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl,
menm jan ke bouch la goute manje li a?
12Sajès rete ak Job 15:10granmoun;
yon lavi ki long gen bon konprann.
13“Avèk Bondye se Job 9:4sajès ak pwisans.
A Li menm se konsèy avèk Job 11:6 bon konprann.
14Gade byen, se Li menm ki Job 19:10detwi; e sa p ap kab rebati.
Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.
15Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt;
Li Jen 7:11-24voye yo deyò pou yo inonde latè a.
16Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon;
Job 13:7-9 sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo,
tou de se pou Li.
17Li fè Job 3:14konseye yo mache pye atè
e fè Job 9:24 jij yo antre nan foli.
18Li Sòm 116:16detache chenn ki mare wa yo,
e mare senti yo ak yon sentiwon.
19Li fè prèt yo mache san rad,
e boulvèse Job 34:24-28sila ki ansekirite yo.
20Li fè moun konfyans pa kab pale,
e Job 17:4retire bon jijman a ansyen yo.
21Li Job 34:19vide mepriz sou prens yo,
e lache senti a pwisan yo.
22Li Dan 2:22devwale mistè ki nan tenèb yo,
e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a.
23 És 9:3 Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo.
Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.
24Li Job 12:20rache lespri a chèf pèp latè yo,
e fè yo egare nan yon savann san chemen.
25Yo Job 5:14tatonnen nan fènwa a san limyè.
Li fè yo És 24:20 kilbite tankou moun sou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.