Job 11 - Haitian Bible

1Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:

2“Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons?

Eske yon nonm Job 8:2pale anpil vin akite?

3Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale?

Lè ou Job 17:2moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?

4Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot,

e Job 10:7mwen inosan nan zye Ou.’

5Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,

6pou montre ou sekrè a sajès!

Paske sajès ki bon Job 9:4gen de bò.

Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije

tout sa inikite ou merite.

7 Job 33:12-13 “Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye?

Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?

8Yo Job 22:12wo tankou syèl la; kisa ou kab fè?

Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?

9Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.

10Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble,

Job 9:12 kilès kap anpeche Li?

11Paske Job 34:21-23Li konnen moun ki fò,

e Li wè inikite menm san fè ankèt.

12Yon moun ensanse va vin entèlijan

lè pòtre a yon Job 39:5bourik mawon fèt kon yon moun.

13“Si ou ta vle vin bon,

I Sam 7:3 dirije kè ou e Sòm 88:9lonje men ou vè Li.

14Si se inikite ki nan men ou, Job 22:23mete l byen lwen.

Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.

15Konsa, anverite, ou ta kab Job 22:26leve figi ou wo san tach.

Wi, ou va fidèl nèt e Sòm 27:3 pa oblije gen lakrent.

16Konsa ou va És 65:16bliye twoub ou a.

Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase.

Se konsa ou ta kab sonje li.

17Lavi ou va Job 22:26pi klè ke midi;

malgre gen fènwa a, lap tankou maten.

18Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.

Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.

19Ou va So 3:13kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou.

Wi, anpil moun va És 45:14 mande favè ou.

20Men Det 28:65zye a mechan yo va gate,

e Job 27:22 p ap gen chape pou yo.

Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help