Job 10 - Haitian Bible

1 Job 7:16 “Mwen rayi pwòp lavi m;

mwen va fè tout fòs Job 7:11plent mwen yo parèt.

Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.

2Mwen va di a Bondye: Job 9:29‘Pa kondane mwen!

Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.

3Èske se vrèman bon pou Ou ta Job 9:22-24oprime;

pou meprize zèv men Ou yo

e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?

4Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa I Sam 16:7èske Ou wè

kon yon nonm wè?

5Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl,

oswa Job 36:26ane Ou yo tankou ane a yon nonm,

6pou Job 14:16Ou ta dwe chache koupabilite mwen

e fè rechèch dèyè peche m?

7Malgre Ou konnen mwen pa koupab,

sepandan, Job 9:12nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”

8“Se Sòm 119:73men Ou ki te fòme mwen nèt.

Konsa, Job 9:22èske Ou ta detwi mwen?

9Sonje, souple, ke Ou te fè m Job 4:19kon ajil.

Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?

10Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen

e fè m kaye tankou fwomaj?

11Ou te abiye mwen ak po avèk chè

e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.

12Ou te Job 33:4ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou.

Se swen Ou ki te konsève lespri m.

13Malgre Job 23:13bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou.

Mwen konnen ke sa a se avèk ou:

14si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen.

Ou Job 7:21pa ta akite m de koupabilite mwen.

15Si mwen mechan, malè a mwen!

Epi Job 6:29si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen.

Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.

16Si tèt mwen ta vin leve wo, És 38:13Ou ta fè lachas

dèyè m tankou yon lyon;

epi ankò, Ou ta montre Job 5:9pouvwa Ou kont mwen.

17Ou renouvle Rt 1:21temwayaj Ou kont mwen,

e ogmante kòlè Ou vè mwen.

Dezas monte anwo dezas sou mwen.”

18“Alò, Job 3:11-13poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m?

Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!

19Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste,

kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.

20Èske jou m yo pa kout?

Rete!

Ralanti sou mwen pou m kab jwenn

yon ti kras kè kontan,

21avan ke m ale—Sòm 88:12pou mwen pa tounen

nan andwa tenèb ak gwo fènwa!

22Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la,

nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help