Job 9 - Haitian Bible

1Konsa, Job te reponn. Li te di:

2“Anverite, mwen konnen sa se vrè;

alò, kijan yon Job 4:17nonm kapab genyen dwa

devan Bondye?

3Si yon moun te vle Job 10:2diskite avèk Li,

li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.

4Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;

se kilès ki konn II Kwo 13:2reziste ak Li san donmaj?

5Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen,

lè Li boulvèse yo nan fachez Li.

6Li És 2:19souke latè sòti nan plas li,

e fè Sòm 75:3pilye fondasyon li yo tranble.

7Li kòmande És 13:10solèy la pou l pa klere

e ki mete yon so sou zetwal yo.

8Se Li menm sèl ki Sòm 104:2rale lonje syèl yo

e bese vag lanmè yo.

9Li sèl ki fè sou syèl la Job 38:31-32 gwo Ourse la ak Orion an,

avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.

10Li menm ki Job 5:9fè gwo bagay mèvèy yo,

avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.

11Si Li ta vin pase bò kote mwen, Job 23:8-9mwen pa t ap wè L.

Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.

12Gade byen, Li rache retire,

se kilès ki ka anpeche L?

Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?

13“Bondye p ap detounen kòlè Li.

Anba Li, byen akwoupi, se asistan a És 30:7Rahab yo.

14Kijan Job 9:3-32mwen kab reponn Li,

e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?

15Paske malgre mwen te gen rezon,

mwen pa t kab reponn.

Mwen ta oblije Job 8:5mande gras a Jij mwen an.

16Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen,

mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.

17Paske Li fin Job 16:12-14brize m nèt ak yon tanpèt,

e ogmante blese mwen yo san koz.

18Li Job 7:19pa lèse m pran souf,

men fè m debòde ak Job 13:26sa ki anmè.

19Men Job 9:4pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs!

Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye

pwosè vèbal bay Li menm?

20Malgre mwen dwat, Job 9:29bouch mwen ap kondane m;

malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.

21Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm;

mwen Job 7:16rayi lavi m.

22“Tout se menm bagay.

Akoz sa mwen di Job 10:7-8 Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’

23Si frèt la vin touye sibitman,

l ap Job 24:12moke dezolasyon inosan an.

24Ak lemonn nan Job 10:3 ki sede nan men a mechan yo,

Li fin Job 12:17kouvri figi a jij latè yo.

Si se pa Li menm, eh byen se kilès?

25“Alò, Job 7:6jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous;

Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.

26Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan És 18:2wozo,

tankou yon Hab 1:8èg ki vole plonje sou viktim li.

27Malgre mwen di ke m va bliye Job 7:11plent mwen,

ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,

28mwen krent tout doulè mwen yo.

Mwen konnen ke Job 7:21Ou p ap bliye fot mwen yo.

29Mwen gen tan fin jije Job 10:2koupab.

Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?

30Si m ta Jr 2:22lave m nèt ak lanèj,

e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,

31malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la,

e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.

32Paske Ekl 6:10Li pa yon nonm kon mwen, Wo 9:20 pou m ta reponn Li,

pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.

33Nanpwen moun ki pou Job 9:19fè antant antre nou,

ki ta kab mete men l sou nou toulède.

34Kite Li Job 13:21 retire baton Li sou mwen,

e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.

35Konsa, mwen Job 13:22ta pale san fè laperèz devan L;

men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help