Job 8 - Haitian Bible

1Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:

2“Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo

pou Job 6:26pawòl a bouch ou fè gwo van?

3Èske Jen 18:25Bondye konn konwonpi jistis la?

Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat?

4 Job 1:5-19 Si fis ou yo te peche kont Li,

alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.

5Si ou ta Job 5:17-27chache Bondye e mande

konpasyon a Toupwisan an,

6si ou te san tach e dwat;

anverite, koulye a,

Job 22:27 Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou

jan ou te ye nan ladwati ou.

7Malgre, kòmansman ou pa t remakab,

ou ta Job 42:12fini avèk anpil gwo bagay.

8“Souple, fè Det 4:32rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo,

e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.

9Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen,

e nou pa konnen anyen,

paske Job 14:2jou pa nou yo sou latè

se sèl yon lonbraj ki pase.

10Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e

fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?

11“Èske jon kab grandi san ma dlo?

Èske wozo konn pouse san dlo?

12Pandan li toujou vèt e san koupe a,

l ap fennen avan tout lòt plant yo.

13Se konsa chemen a Sòm 9:17tout moun ki bliye Bondye yo.

Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,

14sila a ak konfyans frajil la

kap mete konfyans li nan És 59:5-6 fil arenye a.

15Arenye a mete konfyans sou Job 8:22lakay li,

men li p ap kanpe.

Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.

16Li Sòm 37:35byen reyisi nan solèy la e

gaye toupatou nan jaden an.

17Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch;

li sezi yon kay wòch.

18Si li vin deplase sou Job 7:10plas li,

alò plas li va refize rekonèt li e di:

“Mwen pa t janm wè w.

19Gade byen, Job 20:5se sa ki fè lajwa chemen li;

epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè la.

20“Alò, Job 4:7Bondye p ap rejte yon nonm entèg;

ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.

21Jiska prezan, Li va ranpli Job 5:22bouch ou

avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.

22Sila ki rayi ou yo va vin Sòm 132:18abiye ak wont

e tant a mechan yo p ap la ankò.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help