Job 7 - Haitian Bible

1“Èske lòm pa Job 5:7oblije fè kòve sou latè?

Èske jou li yo pa tankou jou a yon Job 14:6 ouvriye jounalye?

2Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj,

tankou jounalye k ap tann kòb li,

3se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè,

e Job 16:7nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.

4Lè m Det 28:67kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’

Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.

5 Job 2:7 Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè.

Po m vin di e li koule pij.

6Jou m yo mache Job 9:25pi vit ke mach aparèy tise a.

Yo fini Job 13:15sanzespwa.

7Sonje byen ke lavi m Sòm 78:39pa plis ke yon souf;

zye m Job 9:25p ap wè sa ki bon ankò.

8 Job 8:18 Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò.

Zye Ou va sou mwen, men Job 7:21mwen p ap la ankò.

9Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt.

Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.

10Li p ap retounen ankò lakay li,

ni Job 8:18plas li p ap rekonèt li ankò.

11“Akoz sa a, mwen p ap Job 10:1met fren nan bouch mwen.

Mwen va pale nan doulè lespri m;

mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.

12Èske se lanmè mwen ye, oswa Éz 32:2-3bèt jeyan lanmè a,

pou Ou te mete gad sou mwen?

13Si mwen di: Job 7:4‘Kabann mwen va ban m repo,

sofa m va soulaje plent mwen,’

14answit, Ou fè m krent ak rèv,

e teworize m ak vizyon;

15jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe;

pito lanmò olye doulè mwen yo.

16Mwen fin epwize nèt;

mwen p ap viv tout tan.

Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.

17 Sòm 8:4 Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li

e pou Ou bay ka li enpòtans,

18pou Job 14:3Ou fè l pase egzamen chak maten e

fè l pase eprèv chak moman?

19 Job 9:18 Èske Ou p ap janm sispann gade m,

ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?

20 Job 35:3-6 Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou,

Sòm 36:6 Ou menm, ki gadyen lòm?

Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou

jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?

21Poukisa konsa Job 9:28Ou pa padone transgresyon mwen yo,

e retire inikite mwen yo?

Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a;

Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help