Job 6 - Haitian Bible

1Epi Job te reponn:

2 Job 31:6 “O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan,

ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!

3Paske li ta pi lou Job 23:2pase sab lanmè yo.

Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.

4Paske Job 16:13flèch Toupwisan an fin antre anndan m;

lespri m ap bwè pwazon.

Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.

5Èske Job 39:5-8bourik mawon ranni sou zèb li,

oswa bèf rele sou manje li?

6Èske bagay san gou kapab manje san sèl,

oswa èske pati blan nan zye poul a gen gou?

7Nanm mwen Job 3:24p ap touche yo.

Yo tankou manje abominab pou mwen.

8“O ke sa m mande ta kab rive,

e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!

9Ke Bondye Nonb 11:15ta dakò pou kraze m nèt,

ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!

10Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen;

wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen,

pou m Job 22:22pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.

11Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan?

Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?

12Èske fòs mwen tankou wòch,

o èske chè m kon bwonz?

13Èske se pa ke nanpwen Job 26:2sekou anndan m,

ke tout sajès fin chase lwen mwen?

14“Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,

li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;

menm a li menm ki Job 1:5kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.

15Frè m yo te aji ak Jr 15:8desepsyon kon yon ravin,

kon flèv ravin ki vin sèch;

16ki vin sal tankou glas k ap fonn

kote lanèj kon kache.

17Nan Job 24:19sezon sèch, yo pa la;

lè li cho, yo disparèt sou plas yo.

18Chemen a kous pa yo tòde tout kote;

yo monte rive vin anyen;

yo vin disparèt.

19Karavàn És 21:14Théma yo te vin veye;

vwayajè Séba yo te gen espwa yo.

20Yo Jr 14:3te desi paske yo te mete konfyans;

yo te vini la, e te etone.

21Anverite, koulye a se konsa ou ye;

ou wè laperèz e ou vin pè.

22Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’?

Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?

23Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’?

Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?

24“Enstwi mwen e Sòm 39:1mwen va pe la!

Montre mwen kote mwen gen tò.

25Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen!

Men kisa diskou ou a pwouve?

26Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo,

lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?

27Konsa, ou ta menm Jl 3:3tire osò pou òfelen yo

e fè twòk pou zanmi ou.

28Alò, souple, gade mwen e wè si se

Job 27:4 manti m ap fè nan figi ou.

29Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt.

Retounen kote m! Jiska prezan, Job 13:18ladwati mwen rete ladan an.

30Èske gen enjistis sou lang mwen?

Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help