Job 5 - Haitian Bible

1“Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn?

A kilès nan Job 15:15sen fidèl yo ke ou va vire?

2Paske Pwov 12:16rankin va touye moun ki plen foli,

e jalouzi va touye moun senp lan.

3Mwen te wè Jr 12:2 moun san konprann ki t ap pran rasin,

e byen vit, mwen te denonse kay li.

4 Job 4:11 Fis li yo pa jwenn sekirite ditou;

menm nan pòtay la, yo oprime,

ni pa gen moun pou delivre yo.

5Moun grangou yo devore rekòlt li,

e mennen l yon kote plen pikan.

Epi Job 18:8-10pelen an rete ovèt pou sezi tout byen yo.

6Paske Job 15:35malè pa sòti nan pousyè,

ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;

7paske Job 14:1lòm fèt pou gwo twoub,

tankou etensèl dife vole anlè.

8 Job 13:2-3 “Men pou mwen, mwen ta chache Bondye,

pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.

9Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan;

mèvèy ki pa kab menm konte yo.

10Li Job 36:27-29bay lapli sou tè a,

e voye dlo sou chan yo,

11Jiskaske Job 22:29Li leve sila ki enb yo,

e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.

12Li Sòm 33:10anile manèv a sila ki gen riz yo

pou men yo pa reyisi.

13Li Job 37:24kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo,

e konsèy a moun k ap twonpe moun nan

vin kontrekare byen vit.

14Nan gwo lajounen, yo Job 12:25 jwenn ak tenèb,

e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.

15Men li sove yo de Job 4:11nepe a pwop bouch yo,

e menm malere a chape nan men pwisan an.

16Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa,

e Sòm 107:42inikite oblije pe bouch li.

17“Gade byen kijan nonm

ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.

Konsa, Eb 12:5-11pa meprize disiplin Toupwisan an.

18Paske se És 30:28Li menm ki blese,

e se Li menm ki retire blesè a;

Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.

19Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo;

Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.

20Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò,

e nan Sòm 144:10 lagè, devan pouvwa nepe a.

21Ou va pwoteje devan blese a lang lan,

e Sòm 91:5-6 ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.

22Ou va Job 8:21ri devan vyolans ak grangou,

e ou p ap pè bèt sovaj yo.

23Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo,

e És 11:6-9bèt sovaj yo va anpè avèk ou.

24Ou va konnen ke Job 8:6tant ou an pwoteje,

paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.

25Anplis, ou va konnen ke Sòm 112:2desandan ou yo va anpil,

e És 44:3-4sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.

26Ou va Job 42:17rive nan tonbo a ak tout fòs ou,

tankou gwo sak ble nan sezon li.

27Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye.

Tande sa e konnen l pou kont ou.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help