Job 4 - Haitian Bible

1Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;

2Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou,

èske ou va pèdi pasyans?

Men se Job 32:18-20kilès ki kab refize pale?

3Gade byen, Job 4:3-4ou te enstwi anpil lòt moun;

ou te ranfòse menm fèb yo.

4Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,

e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.

5Men koulye a, se sou ou sa rive,

e ou Job 6:4pa gen pasyans.

Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.

6Èske se pa Job 1:1lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou,

ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?

7“Sonje byen Job 36:6-7se kilès ki kon peri inosan?

Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?

8Selon sa ke mwen menm te wè, Os 10:13 sila ki raboure inikite yo,

ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.

9 És 11:4 Pa souf Bondye, yo peri,

e pa van chalè Li, yo fini nèt.

10 Job 5:15 Gwo vwa a lyon fewòs la,

vwa fewòs a lyon an,

e dan a jenn lyon yo fin kase.

11 Job 29:17 Pi gran lyon an peri paske li manke manje,

e pitit li yo vin gaye.

12“Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen;

zòrèy mwen te resevwa yon Job 26:14ti souf li.

13Pami Job 33:15refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo,

lè dòmi pwofon tonbe sou moun,

14laperèz te vini sou mwen.

Mwen te tranble e zo m yo te souke.

15Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;

plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.

16Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.

Yon fòm te devan zye m.

Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:

17'Èske Job 9:2lòm kapab jis devan Bondye?

Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?

18Menm nan sèvitè Li yo, Job 15:15Li pa mete konfyans;

ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.

19Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,

ki gen pousyè kon Jen 2:7fondasyon,

ki vin kraze devan papiyon!

20 Job 14:2 Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso;

san yo pa wè anyen, yo peri nèt.

21Èske Job 8:22kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan?

Yo mouri konsa, san sajès.'

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help