Job 13 - Haitian Bible

1 Job 12:9 “Veye byen, zye m gen tan wè tout sa.

Zòrèy mwen tande e konprann li.

2 Job 12:3 Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou;

mwen pa pi ba pase ou.

3“Men Job 13:22mwen ta pale ak Toupwisan an;

mwen vle diskite ak Bondye.

4Men nou Sòm 119:69sal moun ak manti.

Se yon bann Jr 23:32doktè sanzave nou ye.

5Oswa pito ke ou ta Job 13:13rete an silans nèt;

ke sa ta sèvi kon sajès ou!

6Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.

7Èske ou kab Job 27:4pale pou Bondye sa ki pa jis,

e pale sa ki manti pou Li?

8Èske ou va Lev 19:5pran ka pa Li?

Èske ou va diskite pou Bondye?

9Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen?

Oswa Job 12:16èske ou va twonpe Li

kon yon moun konn twonpe yon moun?

10Anverite, Li va repwoche ou

si ou apye yon bò ak patripri.

11Èske Job 31:23majeste Li p ap bay ou lakrent?

Laperèz Li p ap tonbe sou ou?

12Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann;

defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.

13 Job 13:5 “Rete an silans devan m pou m kab pale;

epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.

14Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m

e Sòm 119:109mete lavi m nan men m?

15 Job 7:6 Malgre Li ta touye mwen,

mwen va mete espwa m nan Li.

Malgre, mwen va Job 27:5fè diskou chemen mwen yo devan L.

16Se sa, anplis, ki va Job 23:7delivrans mwen;

paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.

17Koute pawòl mwen byen pre e

kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.

18Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an;

mwen konnen ke Job 9:21mwen va jistifye.

19 És 50:8 Se kilès ki va diskite kont mwen?

Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.

20“Se sèl de bagay pou pa fè mwen;

konsa mwen p ap kache devan figi Ou:

21 Job 9:34 Retire men Ou sou mwen e

pa kite laperèz Ou fè m sezi.

22Epi rele e Job 9:16mwen va reponn;

oswa kite m pale epi reponn mwen.

23 Job 7:21 Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo

avèk peche m yo?

Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.

24Poukisa Ou Sòm 13:1kache figi Ou e

konsidere m kon Lam 2:5lènmi Ou?

25Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble?

Oswa èske Ou va kouri dèyè Lev 26:36 pay van an seche a.

26Paske Ou ekri Job 9:18 bagay anmè kont mwen

e Sòm 25:7fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.

27Ou Job 33:11mete pye m nan chenn e

ou veye tout chemen mwen yo.

Ou limite distans pla pye m kab rive,

28pandan mwen ap dekonpoze

kon yon Job 2:7bagay k ap pouri,

kon yon vètman ki manje pa mit.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help