1Lè Jèn Mouton an te ouvri Rev 5:1setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.
2Epi mwen te wè Rev 8:6-13sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.
3Yon lòt zanj te vin kanpe devan Rev 6:9lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil Rev 5:8lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan.
4Konsa, Sòm 14:1,2lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.
5Zanj lan te pran lansanswa a, liLev 16:12plen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo Egz 19:16kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè.
6Rev 8:2Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.
7Premye a te sone, epi te vin parèt Egz 9:23lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.
8Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan Egz 7:17lanmè a te tounen san.
9Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan És 2:16bato yo te detwi.
10Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te És 14:12tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak Rev 14:7sous dlo yo.
11Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin Jr 9:15anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.
12Katriyèm zanj lan te sone, epi yon Egz 10:21tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.
13Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan Rev 14:6mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a Rev 3:10sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.