Revelasyon 7 - Haitian Bible

1Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe Jr 49:36kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.

2Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk Rev 7:3so a Mat 16:16Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a.

3Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin Rev 7:3-8sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou Éz 9:4,6fon yo.”

4Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, Rev 14:1,3san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.

5Nan tribi Juda a, douz-mil te sele,

nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,

6nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil,

nan tribi Manassé a, douz-mil,

7nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil,

nan tribi Issacar a, douz-mil,

8nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil,

nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.

9Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan Rev 5:9tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e Rev 22:3devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo.

10Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: Sòm 3:8“Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”

11Konsa, tout zanj yo te kanpe Rev 4:4toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye.

12Yo t ap di: “Amen! Rev 5:12Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”

13Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an Rev 7:9vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”

14Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”

Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan Eb 9:14san a Jèn Mouton an.

15Pou rezon sa a, Rev 7:9yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an.

“Epi Rev 4:9Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo.

16Sòm 121:5“Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè;

17paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va Sòm 23:1bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e És 25:8Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help