Jacques 2 - Haitian Bible

1Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk Trav 10:34patipri.

2Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak Za 3:3rad sal,

3epi nou prete atansyon espesyal a sila ki Luc 23:11byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”,

4Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij Luc 18:6avèk move lentansyon?

5Koute, frè byeneme m yo, èske Job 34:19Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e Mat 5:3eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?

6Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal.

7Trav 11:26Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?

8Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: Lev 19:18“Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.

9Men si nou Trav 10:34montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè.

10Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li Jc 3:2tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout.

11Paske, Sila a ki te di: Egz 20:14“Pa fè adiltè” a, Li te di tou: Det 5:17“Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa.

12Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa Jc 1:25lalwa libète a.

13Paske Pwov 21:13jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.

14 Jc 1:22 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li?

15Mat 25:35Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou,

16epi youn nan nou di yo: I Jn 3:17“Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi?

17Menm jan an Gal 5:6lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.

18Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m Wo 3:28lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”

19Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Mat 8:29Demon yo kwè tou, e yo tranble.

20Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke Gal 5:6lafwa san zèv vin initil?

21Jen 22:9,10,12,16-18Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la?

22Nou wè ke Eb 11:17lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, I Tes 1:3zèv lafwa li a te vin pafè.

23Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: Jen 15:6“Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a.

24Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a.

25Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesajè yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an?

26Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou Gal 5:6lafwa san zèv deja mouri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help