Jacques 1 - Haitian Bible

1 Trav 12:17 Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.

2 Mat 5:12; I Pi 1:6 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo

3nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi Luc 21:19andirans.

4Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin Mat 5:48pafè e konplè, san manke anyen.

5Men si nenpòt nan nou manke sajès,I Wa 3:9; Mat 7:7 kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.

6Men li dwe Mat 21:21mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an.

7Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a,

8tankou yon moun ak Jc 4:8doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.

9 Luc 14:11 Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li;

10e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske I Kor 7:31tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt.

11Paske solèy la leve avèk yon Mat 20:12gwo chalè, epi És 40:7zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.

12 Luc 6:22 Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.

13Pa kite pèsòn di lè l tante: Jen 22:1“Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn.

14Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo.

15Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè Wo 5:12peche a fin akonpli, li pote lanmò.

16 I Kor 6:9 Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.

17Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

18Nan egzèsis volonte Li, Li te I Pi 1:3,23fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankouRev 14:4premye fwi pami kreyati Li yo.

19Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, Pwov 10:19lan nan pale, e lan nan fè kòlè.

20Paske Mat 5:22kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.

21Konsa, annou Ef 4:22mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.

22 Mat 7:24-27 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.

23Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li I Kor 13:12nan yon miwa.

24Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.

25Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va Jn 13:17beni nan sa li fè.

26Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa Sòm 39:1mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.

27Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach II Pi 1:4de mond lan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help