I Tesalonisyen Yo 5 - Haitian Bible

1Alò, konsènan Trav 1:7tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen.

2Paske nou menm, nou konnen trè byen ke I Kor 1:8jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit.

3Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò II Tes 1:9destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou Jn 16:21doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.

4Men nou menm, frè m yo, nou pa nan Trav 26:18tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè.

5Paske nou tout se Luc 16:8fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb.

6Konsa, annou pa Wo 13:11dòmi tankou Ef 2:3lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli.

7Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo Trav 7:15vin sou lannwit.

8Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou És 59:17pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm Ef 6:17kas, lesperans sali a.

9Paske Bondye pa t destine nou a I Tes 1:10lakòlè, men pou nou vin II Tes 2:13gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri.

10Wo 14:9Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.

11Konsa, annou ankouraje youn lòt, e Ef 4:29remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.

12Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila Wo 16:6,12ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki Eb 13:17responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou.

13Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.

Mc 9:50 Viv nan lapè avèk youn lòt.

14Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san II Tim 3:6,7,11prensip yo, ankouraje És 35:4sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.

15Veye pou Wo 12:17pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.

16 Fil 4:4 Se pou nou rejwi nou tout tan.

17Priye san rete.

18Nan tout bagay Ef 5:20bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

19 Ef 4:30 Pa etenn Lespri Sen an.

20Pa meprize Trav 13:1pawòl pwofetik yo.

21Men I Kor 14:29byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an

22e evite tout kalite mal.

23Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke Luc 1:46lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt II Pi 3:14san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.

24 I Kor 1:9 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.

25Frè m yo Ef 6:19priye pou nou.

26 Wo 16:16 Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen.

27Mwen bay ou lòd nan non Senyè a pou Kol 4:16fè lèt sa a li bay tout frè yo.

28Ke Wo 16:20lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help