I Tesalonisyen Yo 4 - Haitian Bible

1Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe Ef 4:1mache pou II Kor 5:9fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou.

2Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.

3Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,I Kor 6:18pa fè imoralite seksyèl,

4ke I Kwo 7:2,9chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè,

5pa nan Wo 1:26pasyon lanvi lachè, tankou payen ki Gal 4:8pa konnen Bondye yo;

6epi pou pèsòn pa transgrese e I Kor 6:8vòlè frè l nan bagay sila, paske Wo 12:19Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.

7Paske Bondye pa t rele nou I Tes 2:3pou fè salte, men nan sanktifikasyon.

8Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki Wo 5:5bannou Lespri Sen Li an.

9Alò, jan pou Jn 13:34lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te I Jn 2:27enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt.

10Paske, vrèman I Tes 1:7nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou,

11epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e Trav 18:3travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an.

12Konsa nou kapab Wo 13:13konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e Ef 4:28pou nou pa manke anyen.

13Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen Ef 2:12okenn espwa yo.

14Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, Wo 14:9menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

15Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou I Kor 15:52nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska I Tes 2:19vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.

16Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk Mat 24:31twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman.

17Epi I Kor 15:52nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

18Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help