Kolosyen Yo 4 - Haitian Bible

1Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi Ef 6:9konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.

2 Trav 1:14 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.

3Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon Trav 14:27pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame Ef 3:3,4mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone,

4pou m kapab fè li klè Ef 6:20nan fason ke m ta dwe pale a.

5 Ef 5:15 Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou Ef 5:16fè plis ke posib avèk tan an.

6Ef 4:29Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.

7 Kol 4:7-9; Ef 6:21-22 Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou.

8Ef 6:22Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab Kol 2:2ankouraje kè nou.

9Epi avèk li Phm 10Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.

10Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a Trav 4:36Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen).

11Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye Trav 11:2ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil.

12 Kol 1:7 Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a.

13Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki Kol 2:1Laodicée ak Hiérapolis yo.

14II Tim 4:11Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou.

15Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak Wo 16:5legliz ki lakay li a.

16Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou I Tes 5:27li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a.

17Epi di Phm 2Archippe, “Byen okipe II Tim 4:5èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.

18Mwen, Paul, mwen Fil 1:7ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje I Kor 16:21chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help