1Konsa, si nou te Kol 2:12leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, Sòm 110:1chita sou men dwat Bondye a.
2Mat 16:23Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo.
3Paske nou te Wo 6:2mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye.
4Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
5 Wo 8:13 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri.
6Paske se akoz bagay sa yo ke Wo 1:18lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo.
7Konsa, Ef 2:2nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo.
8Men koulye a, nou menm tou Ef 4:22mete yo tout sou kote; Ef 4:31Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou.
9Ef 4:25Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo,
10epi te Ef 4:24mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vrè konesans selon imaj a Kreyatè, li.
11Yon renouvèlman konsa Wo 10:12pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
12Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon Gal 5:22kè konpasyon, tandrès Ef 4:2imilite, jantiyès, ak pasyans;
13ki sipòte youn lòt e Ef 4:32padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete Jn 17:23inite a.
15Kite Jn 14:27lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan Ef 2:16yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.
16Kite Wo 10:17pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan Kol 1:28enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 I Kor 10:31 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
18 Kol 3:18—4:1 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
19 Ef 5:25 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
20 Ef 6:1 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
21 Ef 6:4 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
22 Ef 6:5,7,8 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a.
23Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou Ef 6:7kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm.
24Ef 6:8Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
25Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi Det 10:17sa, san patipri.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.