II Korentyen Yo 3 - Haitian Bible

1Èske n ap kòmanse II Kor 5:12bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm?

2I Kor 9:2Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun.

3Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou Pwov 3:3tablèt kè lòm.

4Yon Ef 3:12konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye.

5Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men I Kor 15:10fòs nou an soti nan Bondye.

6Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon Jr 31:31akò tounèf, pa selon Wo 2:29lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.

7Men si Wo 7:5zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, Egz 34:29-35jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese,

8kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a?

9Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis Wo 1:17zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa?

10Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la.

11Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.

12Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, Trav 4:13,29nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.

13Se pa tankou Moïse Egz 34:33-35ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la.

14Men tèt yo te Wo 11:7vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, Trav 13:5 menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve.

15Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo.

16Egz 34:34Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti.

17Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, Jn 8:32gen libète.

18Men nou tout, avèk figi devwale I Kor 13:12k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a Wo 8:29k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help