II Korentyen Yo 2 - Haitian Bible

1Men mwen te deside sa pou koz pa mwen, pou mwen I Kor 4:21pa ta vin kote nou menm nan tristès ankò.

2Paske si m II Kor 7:8fè nou tris, kilès k ap fè m kontan, sof ke sila ke m te fè tris la.

3Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen Gal 5:10konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout.

4Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m II Kor 2:9te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.

5Men I Kor 5:1si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout.

6Sifi pou yon moun konsa se I Kor 5:4pinisyon ki te enpoze pa majorite a.

7Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e Gal 6:1padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit.

8Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a.

9Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou II Kor 7:15obeyisan nan tout bagay.

10Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou I Kor 5:4nan prezans a Kris la

11pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske Luc 22:31nou pa inyoran de manèv li yo.

12Alò, lè m te vini Trav 16:8Troas pou levanjil a Kris la, e lè Trav 14:27yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a,

13mwen II Kor 7:5pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine.

14 Wo 1:8 Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.

15Paske nou se Ef 5:2odè santi bon a Kris la vè Bondye pami I Kwo 1:18sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo.

16Luc 2:34Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki II Kor 3:5gen ase de fòs pou bagay sa yo?

17Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men I Kor 5:8 nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help