I Korentyen Yo 3 - Haitian Bible

1Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki I Kor 2:6plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo.

2Mwen te bannou Eb 5:12lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab,

3pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz Wo 13:13gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl?

4Paske lè I Kor 1:12youn di: “Mwen se moun Paul”, epi yon lòt: “Mwen se moun Appollos”, èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?

5Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm Wo 12:6jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak.

6Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi.

7Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men I Kwo 15:10Bondye ki fè l grandi a.

8Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va I Kor 3:14resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li.

9Paske nou se Mc 16:20ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.

10Selon Wo 12:3gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a.

11Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt És 28:16fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri.

12Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk lò, ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay,

13I Kwo 4:5zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va fè l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va fè prèv valè zèv chak moun.

14Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va I Kor 3:8resevwa yon rekonpans.

15Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove Job 23:10kòmsi, se pa dife.

16Èske nou pa konnen ke Wo 8:9nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou?

17Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.

18Pa kite pèsòn twonpe tèt li I Kor 8:2si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.

19Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: Job 5:13“Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.”

20Epi ankò: Sòm 94:11“Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.”

21Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske Wo 8:32tout bagay se pou nou menm,

22I Kor 1:12sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o Wo 8:38lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen de nou menm.

23Epi II Kwo 10:7nou apatyen a Kris; e I Kwo 11:3Kris apatyen a Bondye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help