1Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen
6Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanEf 4:13fin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase.
7Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te Wo 8:29planifye menm avan tan yo pou laglwa nou;
8sajès I Kor 2:6ke okenn nan chèf a I Kor 1:20tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a.
9Men jan sa ekri a:
És 64:4 “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,
ki pa janm antre nan kè a lòm;
tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”
10Paske a nou menm Bondye te revele yo Jn 14:26pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan Wo 11:33pwofondè Bondye a.
11Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte Pwov 20:27lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a.
12Alò, nou Wo 8:15pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo.
13Sou bagay sa yo nou pa pale I Kor 1:17 ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo.
14Men yon nonm nan eta natirèl li, Jn 14:17pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske I Kor 1:18se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.
15Men sila ki I Kor 3:1reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun.
16“Paske És 40:3kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.