Travay 10 - Haitian Bible

1Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan

16Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la.

17Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè te siyifi a. Epi konsa Trav 10:8mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la.

18Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la.

19Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an Trav 8:29Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou.

20Alò, leve desann eskalye a pou Trav 15:7-9akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”

21Pierre te desann vè moun yo. Li te di yo: “Se mwen menm nou ap chache a. Se pou ki rezon nou vini an?”

22Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e Trav 10:2ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande Trav 11:14yon mesaj de ou menm.”

23Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman.

Nan jou swivan a, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.

24Nan youn jou pi tà, li te antre Trav 8:40Césarée.

Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo.

25Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou Mat 8:2adore li.

26Men Pierre te leve l e te di: Trav 14:15“Kanpe non, mwen menm se sèlman yon moun.”

27Pandan li t ap pale avèk li, li te antre, e te twouve Trav 10:24anpil moun deja reyini.

28Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men Trav 10:14,35Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp.

29Se pou rezon sa ke m te vini menm san okenn objeksyon lè yo te fè mwen vini an. Konsa, mwen mande pou ki sa nou fè mwen vini an?”

30Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala Trav 10:3-6,30-32yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye.

31Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.

32Pou sa, voye Jn 4:9Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’

33Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”

34 Mat 5:2 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Det 10:17Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn,

35men nan tout nasyon yo, sila a ki Trav 10:2gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.

36Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche Ef 2:17lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Wo 10:12Senyè a tout moun.

37“Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a;

38sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li Mat 4:23te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.

39“Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te Trav 5:30mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa.

40Trav 2:24Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib

41Jn 14:19,22pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a.

42Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jn 5:22,27Jij a vivan e a mò yo.

43“A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon Luc 24:47non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”

44Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Trav 11:15Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.

45 Trav 10:23 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske Trav 2:33,38don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou.

46Paske yo te tande yo Trav 2:4pale an lang, e egzalte Bondye.

Alò, Pierre te reponn:

47Trav 8:36“Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila Trav 2:4ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?”

48Epi li te kòmande yo pou batize Trav 2:38nan non Jésus Kri.

Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help