Travay 9 - Haitian Bible

1

5Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?”

Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.

6Men leve, antre nan vil la, e

7Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo

13Men Ananias te reponn: “Senyè, mwen tande de anpil moun sou mesye sila a; Trav 8:3kijan li te fè sen ou yo mal Jérusalem.

14Isit la menm, li Trav 9:2,21gen otorite ki sòti nan chèf prèt yo pou mare tout sila ki Trav 7:59rele Non Ou yo.”

15Men Senyè a te di li: “Ale paske Trav 13:2li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo.

16Paske Trav 20:23Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”

17Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin Trav 2:4poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”

18Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize.

19Li te pran manje e te reprann fòs li.

Alò, pandan kèk jou, li te avèk disip ki te Damas yo.

20Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus Trav 13:5nan sinagòg yo e t ap di: “Li se Trav 13:33Fis Bondye a”.

21Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te Trav 8:3detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?”

22Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la.

23Lè Gal 1:17,18anpil jou te fin pase, Jwif yo te fè konplo ansanm pou yo ta touye li,

24men konplo yo te vin konnen pa Saul. Yo te veye pòtay yo lajounen kon lannwit pou yo ta kapab mete l a lanmò.

25Men disip li yo te pran li nan lannwit, e yo te fè l desann sou miray la nan yon gwo panyen.

26Konsa, Trav 22:17-20lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip.

27Men Trav 4:36Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.

28Li te avèk yo pou antre nan Jérusalem.

29Li t ap Trav 4:13,29pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk Trav 6:1Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò.

30Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann Trav 8:40Césarée, e Gal 1:21te voye li ale Tarse.

31Donk Trav 5:11legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.

32Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote Trav 9:13fidèl ki te rete nan Lydde yo.

33La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.

34Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.

35Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire Trav 2:47vè Senyè a.

36Alò, nan Jos 19:46Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.

37Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè.

38Lydde te toupre Joppé, e Trav 11:26disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!

39Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan Trav 1:13chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.

40Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: Mc 5:41“Tabitha, leve.”

Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.

41Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout Trav 9:13,32fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.

42Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eTrav 9:35anpil moun te kwè nan Senyè a.

43Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon Trav 10:6bòs tanè ke yo rele Simon.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help