Zacharie 5 - Haitian Bible

1Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè. Jr 36:2

2Konsa, li te di mwen: Za 4:2“Kisa ou wè la a?”

Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”

3Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki Egz 20:15vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki Lev 19:12 fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li.

4Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va Os 4:2,3antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va Lev 14:34,35 detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”

5Epi Za 1:9 zanj ki t ap pale avè m nan te sòti deyò. Li te di mwen: “Koulye a leve zye ou pou wè sa k ap vin parèt la.”

6Mwen te di: “Kisa li ye?”

Li te di: “Sa se panyen efa a k ap vin parèt la.” Li te di ankò: “Sa se inikite ki nan tout peyi a.Lev 19:36

7Epi vwala, yon kouvèti an plon ki peze yon talan (40 kilo) te vin leve. Epi te gen yon fanm ki chita nan mitan panyen an”.Os 12:7

8Zanj la te di: “Sa se Os 12:7 Mechanste!” Epi li te jete fanm nan rive nan mitan panyen efa a, e li te voye mas plon an sou bouch panyen an.

9Mwen te leve zye m, mwen te gade, e mwen te wè te gen de fanm ak van nan zèl yo. Zèl yo te tankou zèl a Lev 11:13 sigòy. Konsa, yo te leve panyen efa a antre tè a ak syèl la.

10Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Se ki kote yo prale ak panyen an la a?”

11Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou fanm nan, nan peyi Schinear. Konsa, lè l fin prepare, fi la va pozisyone la sou pwòp baz pa l.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help