1Konsa,
6Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: És 11:2-4‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa II Kwo 32:7-8Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo.
7‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”
8Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
9“Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou.
10Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se II Kwo 16:9zye SENYÈ a k ap Za 1:10 veye toupatou sou tout tè a.”
11Mwen te di li: “Se kisa Za 4:3 de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?”
12Mwen te mande l yon dezyèm fwa. Mwen te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tij an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?”
13Li te reponn mwen, e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.”
14Li te di: “Sa yo se de moun Egz 29:7 onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.