Michée 4 - Haitian Bible

1Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn

a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo.

Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo

va kouri kon dlo pou rive kote l.

2Anpil nasyon va vin di:

“Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a,

lakay Bondye Jacob la,

pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo

e pou nou ka mache sou pa Li yo.”

Paske depi nan Sion, lalwa va sòti

e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.

3Konsa, Li va És 2:4 jije antre anpil pèp e pran

desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen.

Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen Jl 3:10cha

pou laboure latè yo,

ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj.

Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e

p ap aprann fè lagè ankò.

4Men yo va fè chak moun I Wa 4:25; Lev 26:6 chita anba chan

rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo.

Pèsòn p ap fè yo pè:

paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.

5Malgre tout pèp yo mache

nan non dye pa yo, pou nou menm,

Za 10:12 nou va mache nan non SENYÈ Bondye

nou an jis pou tout tan e pou tout tan.

6“Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a,

“Mwen va Sòm 147:2rasanble moun bwate yo,

e Mwen va reyini moun rejte yo,

ak sa ke M te aflije yo.

7Mwen va fè moun bwate yo

vin yon Mi 5:7,8 retay, e moun rejte yo

vin yon nasyon pwisan;

Konsa, És 24:23SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion

depi koulye a rive jis pou tout tan.”

8A nou menm, Sòm 48:3,12 wo tou bann mouton an,

mòn fi Sion an,

sou ou menm, li va retounen.

Wi, menm És 1:26ansyen pouvwa a,

wayòm nan de fi Jérusalem nan.

9Alò, poukisa ou Jr 8:19 rele anmwey konsa?

Èske pa gen wa pami nou?

Èske És 3:1-3konseye nou an fin peri?

Kite gwo doulè a sezi nou

kon yon fanm k ap pouse fè pitit?

10Se pou ou vin an doulè,

doulè pou pouse fè pitit

fi a Sion an,

kon yon fanm ki ansent;

paske koulye a, ou va II Wa 20:18 sòti nan vil la

pou rete nan chan,

e ou va ale menm nan Babylone.

És 43:14 La, ou va delivre.

La, SENYÈ a va rachte ou,

soti nan men ènmi ou yo.

11Epi koulye a, gen És 5:25-30anpil nasyon

ki rasanble kont ou k ap di:

“Kite li fin souye nèt,

e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”

12Men yo pa Sòm 147:19,20konnen refleksyon a SENYÈ a,

ni yo pa konprann bi Li a;

paske Li te ranmase moun sa yo,

kon pakèt sereyal yo,

pou pote sou glasi vannen an.

13Leve pou És 41:15 bat jèm nan, O fi Sion an!

Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè,

e zago ou kon yon zago an bwonz.

Ou va Jr 51:20-23bat an mòso anpil pèp,

pou ou kapab konsakre a SENYÈ a

tout richès enjis pa yo,

ke nou ranmase ak tout byen pa yo,

bay SENYÈ tout latè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help