Michée 3 - Haitian Bible

1Konsa, mwen te di:

“Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila

k ap gouvène lakay Israël yo.

Èske nou pa dwe konnen lajistis?

2Nou menm ki rayi sa ki bon,

e ki renmen sa ki mal;

ki Sòm 53:4chire po yo sou kò yo,

ak chè yo soti sou zo yo;

3k ap anplisSòm 14:4 manje chè pèp Mwen an,

chire po yo sou yo, kraze zo yo

e Éz 11:3koupe yo an mòso,

tankou se pou mete nan chodyè,

tankou vyann nan bonm nan.

4Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a,

men Li p ap reponn yo.

Olye de sa, nan lè sa a, Li va Det 31:17; És 3:11kache figi li a yo menm,

akoz yo te pratike zak ki mechan.”

5Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te És 3:12 mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.

6Akoz sa, li fènwa És 8:20-22 sou nou—san vizyon

e fènwa pou nou—san apèsi davni.

És 59:10 Solèy la va kouche sou pwofèt yo,

e lajounen va vin fènwa sou yo.

7Vwayan yo va wont

e És 44:25 divinò yo va nan konfizyon.

Anverite, yo tout va Mi 7:16kouvri bouch yo

akoz Bondye pa reponn.

8Men kanta mwen menm,

És 61:1-2 mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a,

ak jistis ak kouraj Li,

pou És 58:1fè Jacob konnen zak rebelyon li an;

menm a Israël, peche pa l la.

9Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo,

ak sila k ap gouvène lakay Israël yo,

ki Sòm 58:1,2 rayi jistis,

e ki vire tòde tout sa ki dwat,

10Ki Jr 22:13,17bati Sion ak san koule,

e Jérusalem ak vyolans e enjistis.

11Chèf li yo fè És 1:23 jijman

pou jwenn sa ki glise anba tab,

e Jr 6:13prèt li yo enstwi pou kòb,

pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan.

Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a.

Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?

Okenn malè p ap rive sou nou.”

12Konsa, akoz nou menm,

Jr 26:18 Sion va vin raboure tankou yon chan,

e Sòm 79:1Jérusalem va vin yon pil mazi,

e mòn tanp lan va devni

tankou wo plas yo nan forè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help