Michée 1 - Haitian Bible

1Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Jr 26:18 Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.

2Tande, O pèp yo, nou tout!

Jr 6:19 Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann.

Kite SENYÈ Bondye a vin És 50:7temwen kont nou;

SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.

3Paske gade byen, SENYÈ a ap vin És 26:21sòti nan plas Li a.

Li va vin desann pou Am 4:13 foule wo plas latè yo.

4 Sòm 97:5 Mòn yo fann anba Li;

Vale yo fann tankou lasi devan dife,

tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.

5Tout sa se pou rebelyon a Jacob la

ak pou peche Israël la.

Se kisa ki Jr 2:19 rebelyon a Jacob la?

Èske se pa És 7:9Samarie?

Se kisa ki wo plas a Juda yo?

Èske se pa Jérusalem?

6Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil II Wa 19:25mazi nan yon chan louvri,

tankou yon kote pou plante yon chan rezen.

Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a,

e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.

7Tout Det 9:21 zidòl li yo va vin kraze nèt,

tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a,

e tout zidòl li yo Mwen va detwi;

paske se pou salè a yon Det 23:18pwostitiye ke li te ranmase yo,

e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.

8Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò.

Mwen oblije ale És 32:11 pye atè ak toutouni.

Mwen oblije fè lamantasyon tankou És 13:21,22chen mawon,

plenyen tankou otrich!

9Paske És 3:26blesi li a p ap ka geri;

paske li fin rive nan Juda.

Li rive nan pòtay a pèp mwen an,

menm Jérusalem.

10 II Sam 1:20 Pa pale sa nan Gath.

Pa kriye menm.

Nan Beth-Leaphra mwen te woule

kò mwen nan pousyè.

11Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir;

nan Éz 23:29 lawont ak toutouni ou.

Moun Jos 15:37Tsaanan p ap chape.

Plenyen Beth-Haëtsel la:

Li va retire sou ou tout soutyen li.

12Paske moun Maroth vin fèb nan És 59:9-11tann sa ki bon,

akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a,

rive nan pòtay Jérusalem nan.

13Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun Jos 10:3Lakis!

Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an—

akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.

14Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath.

Lakay Jos 15:44 Aczib yo va vin yon Jr 15:18desepsyon pou wa Israël yo.

15Anplis, Mwen va mennen bay nou sila

k ap pran posesyon nou an,

O nou menm k ap viv nan Jos 15:44Maréscha yo!

Glwa Israël la va antre menm nan II Sam 23:13 Adullam.

16Vin És 22:12chòv nèt;

koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an.

Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg,

paske II Wa 17:6 yo te ale an egzil kite ou!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help