1Men sa te fè Jonas pa kontan anpil e li te vin Jon 4:4 fache.
2Li te priye a SENYÈ a. Li te di: “Souple, SENYÈ, èske se pa sa ke m te di lè m te nan pwòp peyi mwen an? Alò, se pou m te evite sa ki fè m te sove ale rive Tarsis. Paske mwen te konnen ke Ou se yon Bondye ki plen gras ak mizerikòd, ki lan nan kòlè, ki ranpli ak lanmou dous, e Ou se Sila ki ralanti selon malè a.
3Alò, pou sa, koulye a, O SENYÈ, souple, pran lavi mwen. Paske lanmò Job 7:15,16 pi bon ke lavi pou mwen.”
4SENYÈ a te di: “Èske ou gen bon rezon pou ou fache a?”
5Epi Jonas te sòti nan vil la e te chita sou kote lès la. La, li te fè yon tonèl pou li menm, e li te I Wa 19:9,13 chita anba l nan lonbraj jis pou l ta wè sa ki ta rive nan vil la.
6Konsa, SENYÈ Bondye a te chwazi yon plant lyann. Lyann nan te monte grandi sou Jonas pou l ta sèvi kon abri sou tèt li, pou delivre l de mekontantman li an. Epi lyann nan te fè Jonas byen kontan.
7Men Bondye te chwazi yon cheni nan granmmaten nan pwochen jou a. Li te atake lyann nan e li te vin Jl 1:12 fennen.
8Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon Éz 19:12van lès byen cho, solèy la Sòm 121:6 te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
9Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?”
Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”
10Konsa, SENYÈ a te di: “Ou te gen konpasyon pou plant sila ke ou pa t fè okenn travay pou li a, ke ou menm pa t fè grandi, ki te vin parèt nan yon nwit e te vin peri nan yon nwit.
11Èske Mwen pa ta dwe Jon 3:10; Det 1:39 gen konpasyon pou Ninive, gwo vil la, nan sila ki genyen plis ke san-ven-mil moun ki pa konn diferans antre men dwat ak men goch yo ak yon gwo kantite bèt, tou?”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.