1Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi Job 13:15 nan vant pwason an.
2Li te di:
“Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a,
e Li te reponn mwen.
Mwen te kriye pou sekou
depi nan pwofondè Sòm 18:5,6sejou mò yo.
Ou te tande vwa mwen.
3Ou te Sòm 69:1,2,14,15jete mwen nan gwo pwofondè a,
nan kè lanmè yo,
e gwo kouran dlo a te vale mwen.
Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè
ou yo te pase sou mwen.
4Konsa, mwen te di: ‘Mwen te Sòm 31:22vin chase lwen fas ou.
Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’
5 Lam 3:54 Dlo te antoure mwen
jiskaske m rive nan pwen lanmò.
Gwo Sòm 69:1-2pwofondè a te vale mwen;
zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.
6Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo.
Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan,
men Ou te Job 33:28leve lavi m monte soti nan fòs la,
O SENYÈ Bondye mwen an!
7“Pandan mwen t ap Sòm 142:3 vin endispoze nèt,
Mwen te Sòm 77:10,11sonje SENYÈ a
e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.
8Sila ki II Wa 17:15konsidere zidòl san valè yo
abandone tout sous mizerikòd,
9Men mwen va fè sakrifis a Ou menm
ak vwa aksyon de gras la.
Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va Job 22:27akonpli.
Sòm 3:8 Sali a sòti nan SENYÈ a.”
10Epi SENYÈ a te kòmande Jon 1:17pwason an
e li te vomi Jonas sou tè sèch la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.