Jonas 1 - Haitian Bible

1Pawòl SENYÈ a te vini a II Wa 14:25 Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di:

2“Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske Jen 18:20 mechanste yo monte devan Mwen.”

3Men Jonas te leve al kacheÉs 23:1,6,10Tarsis pou kite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Jos 19:46 Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l envite prezans SENYÈ a.

4Men Sòm 107:23-28 SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt.

5Answit, ouvriye bato yo te vin pè e yo chak te kriye a I Wa 18:26pwòp dye pa yo. Yo te Trav 27:18,19,38 vide chaj ki te nan bato a nan lanmè a pou te fè l pi lejè. Men Jonas te ale anba nan fon bato a, epi kote li te kouche a, li te tonbe dòmi.

6Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve Sòm 107:28rele dye pa ou a. Petèt II Sam 12:22 dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”

7Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e Nonb 32:23 sò a te tonbe sou Jonas.

8Konsa yo te di li: Jos 7:19 “Pale nou koulye a! Sou kont a kilès malè sa a rive nou an? Ki metye ou? Epi ki kote ou sòti? Ki peyi ou? Nan ki pèp ou sòti?”

9Li te di yo: “Mwen se yon Jen 14:13 Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.”

10Pou sa a, mesye yo te vin pè anpil e yo te di li: “Kisa ou te fè la?” Paske mesye yo te deja konprann ke li Job 27:22 t ap sove ale sòti kite prezans a SENYÈ a, akoz sa li te di yo.

11Konsa, yo te di l: “Kisa pou nou ta fè ou pou lanmè a vin kalm pou nou?” Paske lanmè a t ap vin pi move plis toujou.

12Li te di yo: “Leve mwen, jete m nan lanmè a. Konsa, lanmè va vin kalm pou nou; paske mwen konnen ke se II Sam 24:17 akoz mwen menm ke gwo tanpèt sa a rive sou nou.”

13Sepandan, mesye yo te bouje zaviwon yo fò pou yo ta ka rive atè, men yo pa t kapab, paske lanmè te vin pi move kont yo.

14Pou sa a, yo te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, pa kite nou peri sou kont a nonm sila a, ni pa mete san inosan sou nou; paske Sòm 115:3 Ou menm, O SENYÈ, Ou fè sa ki fè Ou plezi.”

15Konsa, yo te leve Jonas, yo te voye li nan lanmè a, e lanmè Sòm 65:7 te vin sispann anraje.

16Epi mesye yo te vin krent SENYÈ a anpil. Yo te ofri yon sakrifis a SENYÈ a e te fè Sòm 50:14 ve yo a Li menm.

17Epi SENYÈ a te chwazi yon gwo pwason pou vale Jonas, e Jonas te nan Mat 12:40 vant pwason a pandan twa jou ak twa nwit.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help