Osée 14 - Haitian Bible

1 Os 6:1 Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a.

Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.

2Pran avèk ou menm pawòl yo,

pou retounen kote SENYÈ a.

Di Li: Mi 7:18,19“Retire tout inikite nou yo,

e resevwa nou ak gras Ou,

pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.

3Assyrie p ap sove nou.

Nou p ap monte sou cheval;

ni nou p ap di ankò a

Os 8:6; Os 4:12 zèv men nou yo: “Ou se dye nou.”

Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”

4“Mwen va És 57:18 geri enfidelite yo;

Mwen va So 3:17renmen yo an abondans,

paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.

5Mwen va tankou Pwov 19:12Lawouze pou Israël;

li va fleri kon flè lis,

e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.

6Boujon li yo va vin pete,

e bèlte li va tankou pye doliv etranje a.

Li va santi bon kon bèl odè Liban an.

7Moun yo va rete nan lonbraj li.

Yo va reprann fòs tankou Os 2:21,22sereyal ki jwenn lapli;

yo va fleri tankou pye rezen.

Y ap fè bon odè tankou diven Liban an.

8O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl?

Se Mwen menm ki okipe l;

Mwen tankou yon pye És 41:19siprè byen vèt;

nan Éz 17:23 Mwen, tout fwi ou sòti.”

9 Sòm 107:43 Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo;

Sila ki pridan an, kite li konnen yo.

Paske, chemen a SENYÈ yo dwat,

e moun ladwati a va mache ladan yo;

men transgresè yo va glise tonbe nan yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help