1
7Akoz sa, Mwen va vin Lam 3:10 tankou yon lyon anvè yo.
Kon yon Jr 5:6leyopa, Mwen va kouche
an kachèt bò chemen an.
8Mwen va rankontre yo II Sam 17:8 kon yon lous
ki fenk fin pèdi pitit li,
e mwen va chire lestomak yo nèt.
Sou plas, Mwen va Sòm 50:22devore yo tankou
yon manman lyon,
jan yon bèt sovaj ta chire yo.
9Se destriksyon pa w, O Israël!
Akoz ou kont Mwen, kont Det 33:26,29 sekou ou.
10Kote II Wa 17:4 wa ou a koulye a,
pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo?
Ak I Sam 8:5,6jij ke ou te mande yo: “Ban mwen
yon wa ak prens yo”?
11Mwen I Sam 8:7te bay ou yon wa nan kòlè Mwen,
e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen.
12Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt;
peche li vin Det 32:34,35 mete nan depo.
13Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li;
se pa Det 32:6 yon fis ki saj, k ap rete nan vant
ki ouvri e k ap tann li soti a.
14Mwen va rachte yo soti
anba pouvwa a Sejou mò yo;
mwen va Sòm 49:15 rachte yo soti anba lanmò.
O lanmò! Kote pikan ou yo?
O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an?
Repantans va vin kache devan zye M.
15Malgre li pote fwi pami frè li yo,
yon Jen 41:6 van nan lès va vini;
van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a.
Sous dlo li va vin sèch,
e fontèn dlo li va seche.
Li va Jr 20:5 piyaje trezò tout bagay ki gen valè.
16Samarie va pote Os 10:2koupabilite li,
paske li te Os 7:14fè rebèl kont Bondye li a.
Yo va tonbe pa nepe.
Timoun piti yo va vin kraze an mòso,
epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.