Osée 11 - Haitian Bible

1Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;

epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.

2Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.

Yo te kontinye Os 2:13fè sakrifis bay Baal yo,

e És 65:7 brile lansan bay zidòl yo.

3Malgre sa, se te Mwen

ki te montre Éphraïm jan pou l mache.

Nan bra M, Mwen te pran yo;

men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.

4Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,

ak lyann lanmou.

Konsa, Lev 26:13; Egz 16:32Mwen te vini pou yo

kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.

Mwen te bese mete manje devan yo.

5Yo p ap retounen nan peyi Égypte,

men Wa Assyrie a va vin wa yo,

akoz yo te Os 7:16 refize retounen kote Mwen.

6Nepe va tonbe kont vil yo,

pou kraze pòtay ak fè fòje yo,

e li va Lam 2:9fè tout plan yo disparèt.

7Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou Jr 3:6,7 vire kite Mwen.

Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a,

anverite, yo p ap egzalte.

8 Os 6:4 Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm?

Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël?

Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma?

Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Jen 14:8Tseboïm?

Kè M vire nèt anndan M;

konpasyon Mwen vin anflame.

9Mwen Det 13:17 p ap egzekite chalè kòlè Mwen;

Mwen p ap detwi Éphraïm ankò.

Paske Nonb 23:19se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm;

Sila Ki Sen nan mitan nou an

e Mwen p ap antre nan kòlè.

10Yo va Os 3:5mache dèyè SENYÈ a,

Li va gwonde kon yon lyon;

Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini,

ap És 66:2,5 tranble soti nan lwès.

11Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte,

e kon toutrèl soti nan peyi És 11:11; Éz 28:25,26Assyrie;

epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.

12Éphraïm antoure Mwen ak Os 4:2manti,

e lakay Israël ak desepsyon.

Men anplis, Juda toujou egare,

kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help