Ésaïe 55 - Haitian Bible

1“Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!

Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.

Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.

2Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,

ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?

Koute Mwen avèk atansyon, Sòm 22:26manje sa ki bon

e pran plezi nou an abondans.

3Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.

Koute pou nou ka viv.

Trav 13:34 Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,

selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.

4Gade byen, Mwen te bay Sòm 18:43li kon yon temwen a pèp la,

yon chèf ak kòmandè pou pèp la.

5Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt;

yon nasyon ki pa rekonèt ou va Za 8:22kouri bò kote ou,

akoz SENYÈ Bondye ou a,

ak Sila Ki Sen an Israël la;

paske Li te bay ou glwa.”

6 Sòm 32:6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;

rele Li pandan Li toupre a.

7 És 1:16-19 Kite mechan an abandone chemen li an,

ak pechè a, panse li yo.

Kite li retounen kote SENYÈ a

e Li va gen mizerikòd sou li;

anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

8“Paske, panse pa Mwen yo se pa És 65:2panse pa w,

ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

9Paske Sòm 103:11tankou syèl yo pi wo ke tè a,

konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

10Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

pou fè l donnen e boujonnen,

pou fè l bay II Kwo 9:10semans pou kiltivatè,

ak pen pou sila k ap manje a;

11se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

Li És 44:26p ap retounen kote Mwen vid,

san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

12Paske ou va sòti ak Sòm 105:43kè kontan

e mennen sòti ak lapè.

Mòn yo ak kolin yo va eklate

nan gwo kri lajwa devan ou,

e tout bwa nan chan yo va bat men yo.

13Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve;

olye És 5:6machacha, bwa jasmen va leve.

Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a,

kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help