Ésaïe 50 - Haitian Bible

1Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila

Mwen te voye manman ou ale a?

Oswa èske Mwen te Det 32:30vann ou bay ou yo?

Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo,

e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.

2Poukisa pa t gen moun lè M te vini an?

Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn?

Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte?

Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun?

Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen;

Mwen Jos 3:16fè rivyè yo vin dezè.

Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.

3Mwen És 13:10abiye syèl yo ak fènwa

e kouvri yo ak twal sak.”

4Senyè a te ban Mwen lang a És 8:16sa yo ki enstwi yo,

pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige.

Li fè M leve maten apre maten,

Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.

5SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen.

Mwen Mat 26:39pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.

6Mwen Mat 26:67te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo,

ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo;

Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.

7Paske Senyè BONDYE a va És 42:1fè M sekou.

Pou sa, Mwen pa t twouble menm.

Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks.

Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.

8Sila ki És 45:25jistifye Mwen an toupre;

se kilès ki mennen ka a kont Mwen?

Kite li rale pre M.

9Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou;

se kilès ki kondane Mwen?

Gade byen, yo tout va vin vye;

epwize tankou yon vètman.

Mit papiyon twal yo va manje yo.

10Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a,

ki obeyi vwa a És 49:2-3sèvitè Li a,

ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a?

Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a

e depann de Bondye li a.

11Gade byen, nou tout ki Pwov 26:18limen yon dife,

ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo;

mache nan limyè dife nou te fè a,

e pami tòch yo nou te lime a.

Men sa nou va jwenn nan men Mwen an:

Nou va kouche pou fè lamantasyon.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help