Ésaïe 49 - Haitian Bible

1Koute Mwen, O És 42:4lil yo

e tande byen, pèp ki sòti lwen yo.

SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant;

depi nan vant manman M, Li te rele M.

2Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file;

nan És 51:16lonbraj men L, Li te kache Mwen.

Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli,

e Li te kache Mwen nan fouwo Li.

3Li te di Mwen: Za 3:8“Ou se sèvitè Mwen,

Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.”

4Men Mwen te di: “Mwen te És 65:23travay di an ven.

Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite;

sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a,

e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.”

5Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant

pou m ta Sèvitè Li a:

Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a,

pou Israël ta ranmase vè Li

(paske mwen te És 43:4resevwa lonè nan zye SENYÈ a

e Bondye Mwen an se fòs Mwen),

6Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen,

pou leve fè monte tout tribi Jacob yo,

e restore retay Israël la.

Konsa anplis, Mwen va fè Ou És 42:6yon limyè a nasyon yo,

pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”

7Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an,

a Sila ke lòm Sòm 22:6-8meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an,

a Sèvitè a chèf yo:

“Wa yo va wè e vin leve,

Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a,

Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”

8Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab,

ke M te reponn Ou.

Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou.

Mwen va kenbe Ou e És 42:6bay Ou kon yon akò pou pèp la,

pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo.

9Pou pale a És 42:7kaptif yo: ‘Vin parèt’!

Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’.

Akote chemen yo, yo va manje

e patiraj yo va sou tout wotè vid yo.

10Yo p ap grangou, ni soufri swaf,

ni solèy ki brile p ap frape yo;

Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va Sòm 23:2mennen yo

e va gide yo rive nan sous dlo yo.

11Mwen va fè tout És 40:4mòn Mwen yo vin yon chemen,

e gran chemen Mwen yo va vin leve wo.

12Gade byen, sa yo va vini sòti lwen;

epi gade, sila yo va soti nan És 43:5-6nò ak nan lwès la,

e sila yo va soti nan peyi Sinim yo.

13Rele fò ak jwa, O syèl yo!

Rejwi, O latè!

Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!

Paske És 40:1SENYÈ a te konsole pèp Li a.

Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.

14Men Sion te di: “SENYÈ a te abandone mwen,

e Senyè a te bliye mwen.”

15Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,

pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?

Menm sila yo ka bliye, men És 44:21Mwen p ap bliye ou.

16Gade byen, Mwen te Kan 8:6enskri ou nan pla men Mwen.

Miray ou yo devan Mwen tout tan.

17Fè pitit ou yo, fè vit.

Sila k ap És 10:6detwi yo e k ap devaste yo va kite ou.

18“Leve zye ou e gade toupatou;

yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou.

És 45:23 Kon Mwen viv la,” deklare SENYÈ a:

“Ou va, anverite abiye ak yo tout,

pou yo sèvi kon bijou ou,

e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye.”

19Nan plas dezè e dezole ou yo,

nan peyi detwi nèt ou a,

anverite, koulye a, ou va manke kont espas pou sila ki vivan yo,

e Sòm 56:1-2sila ki te vale ou yo va ale byen lwen.

20 És 54:1-3 Pitit ke ou te pèdi yo va gen tan di nan zòrèy ou:

“Plas sa a twò piti pou mwen;

fè espas pou mwen pou m ka viv isit la.”

21Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen,

paske mwen te pèdi pitit mwen yo,

e mwen rete sèl, yon És 5:13egzile e yon vwayajè?

Konsa, se kilès ki te leve sila yo?

Gade byen, mwen te kite sèl. Ki kote sila yo te sòti?’”

22Konsa pale Senyè BONDYE a:

“Gade byen, Mwen va leve men M vè nasyon yo

e Mwen va monte drapo Mwen a lòt pèp yo.

Yo va És 14:2mennen fis ou yo nan sen yo,

e fi nou yo va pote sou zepòl yo.

23Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo,

e fi yo kon manman nouris.

Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè,

pou niche pousyè nan pye ou.

Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a;

sila ki Sòm 37:9tann Mwen yo p ap vin wont.”

24 Mat 12:29 Èske piyaj la kapab rache nan men a nonm pwisan an?

Oswa èske kaptif lejitim yo kapab delivre?

25Anverite, konsa pale SENYÈ a: “Menm És 10:6kaptif a nonm pwisan la va soti,

e piyaj la va rache nan men nonm fò a;

paske Mwen va batay ak sila ki batay avèk ou

e Mwen va sove fis ou yo.

26Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo;

yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous.

Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a,

se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help