Ésaïe 25 - Haitian Bible

1O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; Ef 1:11 plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.

2Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon És 13:22 palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati.

3Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. És 13:11Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj .

4Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a És 29:5-20mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.

5Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese Jr 51:54-56zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba.

6SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou És 2:2-4tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine.

7Sou mòn sa a, Li va vale nèt II Kor 3:15-16kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo.

8Li te Os 13:14vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.

9Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, És 35:2sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”

10Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a.

Epi És 16:14Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye.

11L ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va Job 40:11desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo.

12L ap desann ranfòsman fò ki És 15:1pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help