Ésaïe 24 - Haitian Bible

1Gade byen, SENYÈ a És 2:19va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann.

2Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, Lev 25:36-37sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a.

3Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a.

4És 33:8Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt.

5Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la.

6Akoz sa, yon Jos 23:15malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete.

7És 16:10Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent.

8És 5:12-14Kè kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann.

9Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin És 5:20 anmè pou sila ki bwè l yo.

10Vil gwo dezòd la vin kraze nèt. És 23:1 Tout kay vin fèmen pou pèsòn pa antre.

11Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. És 16:10Tout kè kontan vire an gwo tristès.

12Se dezolasyon ki rete nan vil la e És 14:31pòtay la fin kraze nèt.

13Paske se És 17:6konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo.

14És 12:6Yo leve vwa yo; yo kriye ak kè kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a.

15Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan És 11:11 peyi kot lanmè yo.

16Soti nan És 11:12dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.”

17Jr 48:43Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè.

18Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske Jen 7:11fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble.

19Latè vin dechire. Latè vin Nonb 16:31-32 fann nèt. Latè souke ak vyolans.

20Latè woule de bò tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt Dan 11:19pou l pa janm leve ankò.

21Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va És 10:12pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo.

22Yo va ranmase ansanm tankou És 10:4prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini.

23Konsa, És 13:10lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help