Ésaïe 13 - Haitian Bible

1Pwofesi konsènan És 47:1-15 Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a.

2Leve yon drapo sou Jr 51:25 mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo!

3Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm Jl 3:11gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen.

4Yon És 5:30bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay.

5Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou És 24:1 detwi tout peyi a.

6Rele anmwey, paske És 2:12jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an.

7Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e És 19:1kè a tout moun va fann.

8Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va És 26:17 vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife.

9Gade byen, És 13:6jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo.

10Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. És 24:23 Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.

11Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak És 3:11 mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.

12Mwen va fè lòm mòtèl la vin És 4:1pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir.

13Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan Lam 1:12 jou kòlè Li k ap anflame a.

14Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa I Wa 22:17mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo.

15Nenpòt moun yo rankontre, yo va És 14:9frennen touye nèt, e nenpòt moun ke yo kaptire, va mouri pa nepe.

16Sòm 137:8-9Timoun piti pa yo, anplis, va kraze an mòso devan zye yo. Lakay yo va piyaje e madanm yo va vyole.

17Gade byen, Mwen va fè Mèdes Jr 51:11leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo.

18Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni Esd 9:5-10zye yo p ap fè pitye pou timoun.

19Konsa, Babylon Dan 4:30 bèlte a wayòm yo, glwa ak ògèy a Kaldeyen yo, va tankou lè ke Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe a.

20Li És 14:23p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la.

21Men se És 34:11-15bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la.

22Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl És 25:2palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help