Ésaïe 12 - Haitian Bible

1Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske Sòm 30:5malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò.

2Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va És 26:3 fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”

3Akoz sa, plen ak jwa, nou va Jn 4:10rale dlo nan sous sali yo.

4Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Sòm 145:4 Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte!

5Egz 15:1Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè!

6Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske És 1:24gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help